top of page

Ti nouvèl sou Emeline Michel




Redaksyon Adduction Media te pran anpil plezi pou l fè yon entèvyou ak atis Emeline Michel ki konsidere kòm "Diva" mizik ayisyen an. Atis la pwofite bay tout ti detay sou sa li genyen kòm pwojè nan mikwo Adduction Media


Adduction Media : mwen salye w Emeline! Byenvini sou Adduction Media.

Ki nouvèl ?


Emeline Michel: Mwen byen Gras a Dye! mèsi anpil pou envitasyon ou.


AM: Lè yon moun di “Emeline Michel“ jodi a gen yon ekip bèl bagay li rale dèyè l tankou: bèl dikografi, diva, respè....lè w ap li sa yo ou tande yo kisa sa fè w kòm atis?


EM: Kòm atis mwen gen anpil rekonesans.

Li konfime mwen tou lè ou gen respè pou publik ou,

y ap resevwa li nan kreyasyon ou, epi yo retounen li ba ou.

Mwen pa pran li a lejè .Chak nouvo pwojè mwen mete tout kè mwen.

Mwen fè yo ak menm lanmou an.


AM: Site 3 mizik ou chante, ou sipoze ta dwe atire atansyon plis moun e Poukisa?


EM: Li difisil pou m reponn kesyon sa a..

Mwen panse chak mizik gen wout yo , tout mizik mwen sòti al touche moun

li dwe touche a. Gen mizik ki aliyen ak yon pasaj epi li fè plis bri.

Se tankou yon manman. tout mizik yo se bebe mwen, m pa renmen youn plis pase lòt


AM: Gen yon bann deriv jodi a nan pwodiksyon mizikal yo. Kisa w panse ki lakòz e Kisa k ta dwe fèt pou chanje sa yo?


EM: Mwen panse fòk nou ta abandone mantalite

" kou li cho li kwit" la . Piblik ka gen gou, li renmen bagay ki byen fèt.

Malerezman Pwoblèm nan pa senp, paske pa rete yon grenn pwodiktè

deyò a pou ankouraje plis pwodiksyon ki gen bon kalite tou. Majorite atis fè sa yo kapab avèk sa yo genyen kòm mwayen nan pòch yo.


AM: Site nou 2 atis fanm ki fè kèw bat lè w tande mizik ki nan jenerasyon sa a.


EM: Williadel Denervil , Tafa Mi-Soleil , yo touche m anpil . Atis sa yo genyen anpil nanm.


AM: Ou se sèl atis fanm nan jenerasyon sa a ki te al chante anndan White House. Rakonte nou Kòman sa te rive e Kòman jèn atis fanm yo ta dwe wè sa?


EM: Se te yon envitasyon pou onore eritaj plizyè pèsonalite ki sòti nan kontinan karayib la.

yo te chwazi Machel Montano , Etienne Charles.

Yo te envite mwen pou reprezante Haiti ak Dener Ceide. Se yon bèl eksperyans sou prezidans Obama mwen admire anpil.

Mwen panse pa gen limit nan ki kote mizik nou ka rive, nan ki salon li ka jwe


AM: Ou gen yon mizik Ayisyen ou tande deja ou te swete se vwa w ki pou sou li?


EM: pèmèt mwen ba ou 3 lap pi fasil.

Miste damou ( Yannick Etienne,

Ou te dim (Zèkle)

Sim te gen zèl (Mikaben)

AM: Ki sekrè lonjevite Emeline Michel nan endistri a?


EM: Mwen toujou vle rete tèt mwen. Mwen pap jwe wòl Emeline Michel.

M ap chante la vi m nan chak peryòd Granmèt la ban mwen chans pou viv.

Sa pèmèt lè bagay yo difisil mwen jwenn kouraj, pou m rete tann, pou tan an chanje ankò. Epi m pran anpil plezi nan sa m ap fè.

AM: Ou se youn nan mizisyen ayisyen ki gen plis albòm. Apre plis pase 30 ans karyè ou anonse yon albòm 100% Gospel poukisa chwa sa?


EM: Si ou tande Mèsi la vi, Pè letènel, Banm lajwa ,in Cha Allah, yo tout se yon swit nòmal chemen pa mwen. Albòm sa se pou remèsye Bondye pou tout benediksyon li yo.

Sitou nan yon peryòd kote planèt la tèt anba. Entansyon mwen se enspire ,ankouraje,

se la motivasyon albòm sa a sòti. Nou tout grangou menm bagay :Lespwa ,lanmou, lapè



AM: Sou albòm sa ki diferan pwodiktè k ap travay sou li ansanm ak ou. Epi kisa moun yo mèt atann de ou nan projè sa?


EM: Mwen se se sèl pwodiktè depi nan konsèp ak reyalization albòm sa. "Cheval de feu" se konpayi pwodiksyon pa mwen ki pèmèt mwen reyalize tout pwojè m yo. Mwen gen 2 kolaboratè ki ede m konplete vizyon an ki se

Harold Saint Louis se youn nan moun ki gen anpil nanm ak talan ki konprann ,respekte ,epi pote vision an ak mwen. Epi

Tom Cabanisst pou aranjman vyolon. Gwoup EMP3 sou 4 mòso,

Plizyè koral nasyonal ak entènasyonal ak anpil lòt envite sipriz.

AM: Ou se yon bon Parolière men pou w reyalize yon pwojè konsa eske w fè apel ak lòt pawolye pou akouche kèk teks. Si wi, se kiyès yo ye?


EM :Pi fò tèks yo se mwen ki ekri yo, mwen renmen sa ampil.

Gen twa text ki egziste deja .Nou fe de nouvo aranjman sou yo .

AM: Apre plis 30 an karyè èske w satisfè de sa w bay kòm rezilta nan HMI la. Epi kisa bilan ye ojis?


EM: mhummm!! se pa mwen ki ta dwe jije, se piblik la.

Paske nan tout sa map fè mwen toujou bay tout mwen menm.

AM: Dènye mizik video sa avèk Harold St Louis a nou sipoze lap sou pwochen pwojè, ki lòt atis ankò nou ka jwenn sou li?


EM: Wi, "Jan mwen ye" ap sou pwochen albòm nan, avèk "chanjman" youn nan videyo

mwen ki te sòti nan ane 2020 an.

Mwen kontan anpil paske mwen gen yon bèl ekip ki antourem. Duo mwen fè avèk Harold Saint Louis a se youn pami plizyè lòt chante

nou reyalize ansanm.

M ap sere rès koze a pou yon lòt fwa.

Mèsi anpil pou enterè Adduction Media pote sou travay mwen.

Kenbe la.



Propos recueillis par Robens Constant

adductionmedia@gmail.com

 

Comments


bottom of page