Tansyon ant Haitian Buju ak Black Gwayil sou plateau Pi Lwen Ke Zye
- Le Duc

- 2 days ago
- 2 min read

Dènye emisyon Pi Lwen Ke Zye a te kòmanse nan yon bèl anbyans ak prezans kat gwo figi nan rap ayisyen an: Haitian Buju, Black Gwayil, Black LG ak Top Adlerman. Mesye yo te envite pou prezante yon pwojè mizikal yo ap devlope ansanm.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, entèvyou a t'ap dewoule nòmalman jiskaske yon malantandi te vin mete tansyon sou plateau a ant Haitian Buju ak Black Gwayil. Sous konfli a ta gen rapò ak fason pwojè a te kòmanse. Okòmansman, se Nolly ki t ap sipèvize pwodiksyon an, men pou rezon ki poko klè, li te deside pa kontinye patisipe nan pwojè a. Yon desizyon ki, daprè sa ki te di pandan emisyon an, pa t fin fè Haitian Buju plezi akoz ki egziste ant li menm ak Nolly.
Nan yon atmosfè kote alkòl ak plezi t’ap melanje, kèk pawòl ki te repete pa’t pase byen. Sitiyasyon an te vin fè tansyon an monte rapidman ant Haitian Buju ak Black Gwayil, rive nan pwen kote yon alterkasyon fizik te prèske eklate. Se entèvansyon rapid Top Adlerman ki te pèmèt kalme lespri yo epi evite sa ki te ka tounen yon pi gwo eskandal.
Malgre gravite moman an, moun ki al gade emisyon an sou YouTube chanèl emisyon an pa remake anyen nan ensidan sa a. Reyalizasyon emisyon an te chwazi retire tout sekans ki te montre moman tansyon an, sa ki fè vèsyon piblik la parèt tankou tout bagay te pase san okenn pwoblèm.
Ensidan an montre yon lòt fwa ankò kijan move kominikasyon ak kesyon ki poko rezoud ka fasilman kreye friksyon, menm ant atis ki reyini pou travay sou yon menm pwojè.
Le Duc


Comments