top of page

Haitian Heritage Month riske disparèt nan Florida




Heritage Month Illustration
Heritage Month Illustration

Anpil kesyon ap poze nan kominote ayisyen an nan Florida apre Asanble Leta Florida a vote yon nouvo lwa ki ka limite fason vil ak otorite lokal yo òganize oubyen sipòte selebrasyon kiltirèl tankou Haitian Heritage Month ak Haitian Flag Day , apati 1er janvye 2027 kap vini la a. Selon nouvo mezi sa yo, gouvènman lokal yo pap gen dwa itilize lajan piblik pou finanse, fè pwomosyon oswa òganize aktivite ke yo konsidere tankou pwogram “DEI” (Diversity, Equity and Inclusion).


Vil tankou North Miami, kote kominote ayisyen an trè prezan, deja fè konnen lwa sa a pral afekte selebrasyon tradisyonèl yo anpil. Majistra vil la, Alix Desulme, eksplike ke evènman tankou Haitian Flag Day ak Haitian Heritage Month yo se yon pati enpòtan nan idantite kominote ayisyen an ak lavi kiltirèl vil la. Li deklare lwa sa a ka fatal anpil pou yon vil ki gen anpil divèsite tankou North Miami.


Bill la, ki pral antre an aplikasyon 1er janvye 2027, prevwa sanksyon kont responsab lokal ki ta kontinye itilize resous piblik pou sipòte aktivite ki antre nan kategori DEI. Nan kèk ka, ofisyèl yo ta ka menm sibi pwosè oswa pèdi pozisyon yo si yo vyole nouvo règ yo.


Malgre sa, sa pa vle di kominote ayisyen an pap kapab selebre ditou. Selebrasyon prive oswa aktivite òganizasyon kominotè yo ap toujou posib. Men, anpil festival, parad ak pwogram vil yo te konn sipòte chak mwa me riske disparèt oswa diminye anpil akoz mank sipò finansye ak administratif.


Haitian Heritage Month genyen yon gwo enpòtans nan Etazini depi plizyè dizèn lane. Li te kòmanse ofisyèlman nan fen ane 1990 yo pou mete an valè kontribisyon ayisyen yo nan kilti, edikasyon, politik, mizik, syans ak ekonomi ameriken an. Florida espesyalman se youn nan eta kote selebrasyon sa yo pi enpòtan akoz gwo kominote ayisyen ki rete ladan l.


Pou anpil moun nan dyaspora a, desizyon sa a reprezante plis pase yon kestyon politik. Yo wè l kòm yon menas kont vizibilite ak rekonesans kominote imigran yo, espesyalman kominote nwa ak karayib yo. Plizyè òganizasyon ayisyen deja kòmanse mobilize pou defann dwa kominote a epi kontinye prezève eritaj kiltirèl ayisyen a nan Florida ak lòt Eta Ameriken yo.


Map souliye pou nou, pou jouk koulye a se sèl nan Eta Florid lwa sa a ap pran efè. Tout lòt Eta ki konn abitye selebre Haitian Flag Day ak Haitian Heritage Month lan pap kanpe. Atak yo tout kote. Kale je nou ayisyen paske kilti nou se idantite nou , si nou kite yo fin touye l tout kote, nou riske disparèt nèt.






Le Duc

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page