Yon ti lèt pou Mesye Roudy PETUEL, alyas Roody Rood Boy

Mwen pa konn apre konbyen jou w ap rive jwenn ti lèt sa, telman nan moman w ap fete ak zanmi w, fanmi e epi fanatik ou yo. Mwen konnen fatig ap fini ave w apre twa (3) jou ap bay moun plezi nan lakou Chandmas. Atis la, si m di w mwen pa kontan pou jan w ap pwogrese a se manti, men atis, kè m pa kontan ditou pou kek bagay kap pase nan peyi a. Nan tout peyi nan lemonn atis yo jwe gwo wòl nan devlopman nan mesaj positif yap fè pase ni nan bel imaj ke y ap vann a jenès peyi yo. Nan moman, aprè konfimasyon ane sa nan kanaval, mwen panse otorite isit ka rive tande w si w di yo koman lajenes pa gen okenn ankadreman, yo lage nan fimen tout vye radot k ap fini ak sèvèl yo, yon bann jenn ti fanm ki kanpe anba poto pou yo resi fè yon ti monnen, chaje jenn ti gason nan geto ki gen zam nan men yo, chaje timoun nan lari a kap siye machin, rale siman nan bokal, jwe pokè, fè masisi antre yo. Prezidan, pemet mwen rele w konsa tou paske se ou ki bay tet ou tit sa, chaje jenn ki fin etudye ki oblije fe masisi ak yon Direkete pou yo bal ti travay oubyen jenn fanm lan oblije kouche ak yon responsab pandan ke diplom li anba bra l. Telman gen bagay pou mwen ta mansyone nan let sa, li pa t ap fini Mesye Prezidan, men tanpri pwomet jenès la w ap kontinye fè revandikasyon nou pase devan gwo zotobre yo. Pou tout jèn ki pa we monte ki pa we desann, se Chili yo blije ale cheche lavi miyò, ki lè w ap fè yon lot bel ti mizik k ap popilè menm jan ak kanaval ou an pou w ka di Mesye gwo chabrak yo fon jan pou ede peyi a soti nan trou santi nou ye a tankou jan Mesye cheve jòn lan te joure nou avan yè a. M konnen kout plim ou yo korek, pwomet jenes la w ap toujou kanpe bo kote l, sa ki pi pov yo, sa k nan prizon yo, sa k pa gen pesonn ki pou pale pou yo. Prezidan pa di m pale long non, men Sa w te fe Rutshell GUILLAUME lan pa janm kite malè sa rive, paske nan je sosyete sa ou se yon lot moun, ki ka pote anpil bon mesaj pou jenes la. Prezidan Roody, dlo nan je m pa pèmet mwen kontinye ti let sa. Mwen swete anpil siksè nan tout sa w ap fe. Toujou rete moun ou ye a, pa okipe okenn flatè kap vin cheche fe moun we yo. Imilite ak sajes se gwo zam kap pemet ou fè pi byen gwo batay w ap ede jenes Peyi Dayiti a. Mwen pa mande w pou m fe m repons non Msye Roody, men tanpri pran sa m di w yo trè oserye. Pote w byen Ekselans. Kafou, 15 Fevriye 2018 Mèt Richarson BIGOT, Avoka/ Jounalis lakilti