OPINYON PA M SOU PREMYE JOU KANAVAL LA NAN POTOPRENS KAP FET ANBA TÈM '' AYITI SOU WOUT CHAN

Mwen salye jefò chak moun fè pou te rann premye jou a rive fèt malgre anpil gwo andikap. Mwen estime komite a paret pi amatè ane sa ke tout lot ane yo nan koumansman kanaval la. Kanaval la pa t yon bagay brid sou kou, men mwen estime se komsi se samdi yo anonse kanaval la epi yo demare travay pou konstui estann yo. Mwen pa sonje te gen anyen ki te fèt nan tan ke komite a te prevwa. Kek minit avan defile a te komanse, gen bòs chapant ki t ap kontinye fè kèk gwo kout mato pandan ke tout bagay te preske pral dewoule. Se premye ane nou wè defile bann a pye yo pa vle di anyen pandan moto, machin ofisyèl ak ti machin piblisite yo derefize kite bann yo ofri bèl espektak a piblik la. • Soley te gentan kouche lè Sweet Micky, Djaz ansyen Prezidan Matelly te rive an premye Chanmas pandan ke se pa li komite a te di kap pase avan. Si yon moun te pè grenn mo sal, yo pa t ap rete tande Miky. Ansyen chef Leta Salanbe journalis lilianne PIERRE PAUL, ki se Direktris Pwogramasyon nan Radio KISKEYA. Apa de pawol ki sanble tet koupe ak sa kasayol abitye di bef la, kote son ak animasyon, Miky te plis ke byen pase. •Enposib, malgre li poko fe gwo eksperyans nan koze kanaval, mwen panse Brimad li pran yeswa ap montre l koman pou l abòde e afwonte chandmas la. Tank w ap manje, apeti a ap vini, Pawol granmoun lontan. • Pou Dezyèm fwa li patisipe nan koze Kanaval, #KAI fè bel figi. Nou pa ka bliye tou gwo sipò Mikaben pote ansanm ak AtysPanch. Men djaz la gen plis bagay pou l pwouve nan koze kanaval. • Maestro ak Michael GUIRAND pase trè mal yeswa. Son yo pa t bon ditou e se sa ki paralize pefomans yo sou chandmas la. Pa bliye ke Richard Cave ak Michael GUIRAND se de ansyen konpè nan gwoup Carimi men jodi a yo pa monte menm cheval. M pat konprann tou poukisa yo te mete yo youn deye lot. •Pi gwo sansasyon an, pi gwo atant lan ane sa se pou Roody Rood Boy, ki gen kanaval moun plis tande e ki plase nan medya yo. Atis la fè poukont li sou chandmas sa anpil Djaz poko janm fè nan listwa kanaval chandmas. Tout moun chante, de men anlè, fè bri pou Roody. N ap siyale tou, Ti Djo Zenny ki se chantè gwoup KREYOLLa fè konnen ke jijman laprès la dwe diferan pou Roody ak lot djaz yo paske Atis la t ap chante ak yon DJ, epi te gen yon sipo yon odinatè. Yon remak ke nou jije enpitan paske foma gwoup kap patisipe yo pa menm. • Apre Roody fin fè gwo koze sa Chandmas, se gwoup REV ki ta pral rive, avek yon kanaval moun pa konnen epi son an pat kodyòm, pa t gen pi gwo desepsyon ke sa pou sa atis TiPay te vle di nan tan lontan. • Mass Compas, yon djaz ki gen youn nan pi gwo sipesta mizik la ki se Gracia Delva men ki pa gen yon gwo non nan zafè kanaval, ane sa yo te gen yon bon chante kanaval pou yo te ofri yon pi bon plezi ak kanavalye yo. N ap tann plis nan men Djaz sa a • Barika Crew ki gen yon bann fanatik solid ki pa janm lage yo, men toujou gen yon rezon pou djaz la pa janm pase pi byen ke sa l te ofri yeswa. Nou espere y ap fe bel figi aswe a • Zikos, ak yon son ki pa kanpe sou anyen, yon chante kanaval peson pa konnen, se youn nan Djaz ki pa t gen plas li menm. Nou tout ap mande kote Djaz sa pase pou l jwenn cha. • T Vice, yon limyè ki atire atansyon kanavalye yo, youn nan pi bon son ki te genyen sou pakou a, animasyon move move. T Vice ofri yon bel pefomans pou premye jou a, E n ap tann plis bagay aswe a. • RAM, nan tout gwoup rasin yo, se li menm ki te rive fe pi fò pakou a, e gwoup la fe w santi sa k ap jwe, se rasin nou menm, nanm nou epi zantray nou kap danse. Djaz la fè lonè kilti a, tandans RASIN lan an patikilye . • KreyolLa pami gwoup ki fè pi bel figi nan defile a. Se Djaz ki jwe plis pati nan mereng kanaval li an, Yon djaz ki kreye yon bel anbyans ak yon animasyon tet chaje. KreyolLa, nou we piblik la satisfè de pasaj ou an yeswa men n ap tann plis bagay. Epi pozisyon yo sou pakou a pa t jwe anfavè yo tou. Lè a te gentan rive, Lapolis te kanpe lot Djaz yo. Gen anpil pase men KO dwe fet sitou nan koze lojistik la. Pafwa cha yo pran trop tan pou yo rive, pafwa youn two kole ak lot. Me Richarson BIGOT, Avoka/ Jounalis Lakilti Pou ADDUCTION MEDIA Kafou, 12 Fevriye 2018